mercredi, mai 28, 2008

Powèm fèt dè pè 2008

Nan zafè bon papa
Mwen pa janm wè konsa
Pase depi jòjya
Rive Kalifònya

Desann anba Mòtonn
Chankre anwo tòtonn
Pran tren al Bilinntonn
Tonbe jouk Wachinntonn

Mache nan soley cho
Men papa m tololo
Al chwe altèlboro
Anpasan Malboro

Pran bis al Dòchestè
Rodaylann nyouamchè
Desann tren al woustè
Pran poto Mannchestè

Pran sobwe pran aywe
Pran avyon fè sa w vle
Papa lejyonnaywe
Pagen konsa souple.

Frantz Le beau

Aucun commentaire: