mardi, juin 17, 2008

Couple concert

F. L : Lavi-a ap monte mòn pilbowo sou premye. Koub yo di, yo tèrib. Sable si m pa koupe lis aktivite an de mwen pa p ka sipòte sekous la.

L. L : Apa wa p pale poukò w. Ou fi n fou nèt alèkile

F. L : Bon se pa fi n fou nèt alèkile non men sa ka p pase anba je nou la-a bay lapenn. li fè nou paka wè klè. Ou ta rele anmwe men nan peyi pa bò isit sanble fò w ta gen w mastè pou w rele fò menm si reken ta va p fè w grimas nan pwofon somey.

L. L : Bon sa w di-a enpòtan men mwen kwè ke yon kretyen pa ta bezwen kite tèt li pati pou sa la p wè efektivman la-a paske labib klè sou kesyon sa yo.

F. L : Wi labib klè e menm twò klè menm lè nou feyte li, men sa ka p fèt la-a ensipètab cheri ... li ensipòtab ... li ensipòtab. e li ta bon pou eseye rezoud kèk nan pongongon sa yo.

L. L : Kidonk, sa w vle di konsa lè w di rezoud kèk na pongongon sa yo. sa w vle di ?

F. L : Sa vle di pou nou redwi kèk aktivite. Pa ekzanp panse ak tout bagay ka p fè nou boule twòp gaz ... ka p fè nou pa ka rantre plis kòb nan kay Ka nou bezwen plis kòb pou nou goumen kont lavichè sa-a.

L. L : Ka p fè nou paka rantre plis kòb. ki sa w vle di ojis ?

F. L : ojis, pou nou gen tan pou nou pouse lè kopyèzman bay blan-an, pou nou fè lajan pou n reponn ak awogans lavichè sa-a.

L. L : e byen kijan na p fè sa menm.

F. L : men sa na p fè. premyèman, pou rezoud zafè gazolin nan se pou nou eseye mete de koté pou yon ti moman yon seri de aktivite pa egzanp na p chwazi ant etid biblik, reyinyon pryè, repetisyon pou Mustapha ou byen nou te gen dwa pa ale legliz-la chak dimanch men sote yon dimanch.

L. L : Men aktivite sa yo mwen wè w souliye la-a mwen paka kwè ke yon gennen anyen okontrè se yo menm ki pèmet souf nou ap bat toujou. Se yo menm ki pèmet nou gen kontwòl Mustapha toujou. Okontrè se ranfòse pou nou ta va p ranfòse yo mwen pa kwè ke se babi pou nou ta vap bani yo cheri.

(Bèl la sonnen)

F. L : wouzdis ?

(Se Sè Nadia ak Frè Jean )

S. N : Mezanmi kouman nou ye ... sè lucienne apa mwen pa t wè w nan reyinyon medam yo lòt jou.

L. L : Sè Nadia sa na p andire alèkile sanble tankou lòt te di-a " meleyous meleyoum "

S N : sa sa vle di sè lucienne " meleyous meleyoum

L. L : e byen nou mele .. nou mele . De pi w dyab la mete yon zafè gazoli n pou l fè wa p demake frè w sè w, pou fè w wa p mawon legliz ou deja wè nan kisa nou ye.

J. S : Frè lebo ou pa di anyen nan kesyon sa-a. Vrèman zafè gazoli n sa-a, zafè lavichè sa-a se pa de dega li pa koze nan mitan moun ki te deja pa t gen twòp angouman pou legliz. Moun sa-a podyab tou pwofite pran koze sa-yo kò m pretèks epi yo tou pwofite ap aji kont Bondye pandan yo bliye tout gras granmèt-la te konn devèse sou yo.

F. L : Frè Jean sa wap di la-a. Ou kwè mwenmenm ki chita la-a se chèche ma p chèche pou m wè kouman mwen te kab aboli kèk aktivite legliz pou m wè si m te ka fè yon ti ekonomi pou reponn ak moun Ayiti tout lajounen ki kite san souf pa bò isi. Se sa ma p eseye fè la-a ak sè lucienne.

S. N : Bon mwenmenm frè Lebo, lòt jou mwen tande sè di sa vrèman. Men ou konnen eseye koupe nan aktivite espirityèl ou pou w rezoud zafè lavichè pou mwenmenm mwen wè ke se paèv pitit Bondye tout bon. Sa se pa zèv pitit ki renmebn papa l vre. Pou dayè anpil moun ap kouri fè twa djòb pou yo ka fè plis kòb kote yo menm bliye vi n legliz poutant kiyès ki bayo sante pou yo al travay la se Bondye. Se Bondye.

L. L : Men sè Nadia, frè lebo ap pale de reyinyon priyè, etyd biblik, repetisyon Mustapha e li menm pale de sote yon dimanch pou nou kapab reponn ak lavichè. Pou mwen bagay sa yo pa bay okenn pwoblèm nan kare djaz-la. Pou mwenmenm se ta eseye redwi yon seri de bagay sipèfli pa egzanp gen nou twa nan kay e gen 5 telefònn, gen 4televizyon, sans konte yon seri de bil pouryen. Daprè mwen menm se koupe kèk nan yo pou nou ranfòse aktivite espirityèl nou.

S. J : Mezanmi sè Lebo pou mwenmenm se pou nou priye anpil wi. Ou wè sa k pase la-a se Bondye ki voye nou wi. Se pa de fanmi non ka p soufri san di yon mo ak pwoblè sa yo. Pwoblè lavichè sa-a lage yon pares sou yon seri de sè ak frè ki te deja ap chèche yon preteks pou yo te livre kò yo nan libètinay e yo jwenn li vrèman. Kounyè-a menm sè ak frè ki te pi regilye nan reyinyon priyè ou pa wè yo ankò e frè Lebo lè w wè ou pa wè yon sè ak yon frè anba tonel Bondye-a e byen se anba tonel pa satan-an li ye wi. Se sa k fè mwen so t di w talè-a se pou nou priye trè fò wi pou katastwòf sa-a pa rive. Sa fè lèd Frè Lebo pou w wè kretyen ka p retire sou legliz pou mete sou banbòch. Sa fè lèd Franchman.

Aucun commentaire: